Lèt Ife ak Soul, Michel-Ange Hyppolite -Kaptenn Koukouwouj- (2006), Tanlapli, Frantz Benjamin (2006), Langay Lanmou, Henri-Robert Durandisse (2007), 126 Lèt Damou, Jocelyne Trouillot (2011), tout se liv ki nan kategori lèt. Genyen tou Deny Dorvil, ki anbake nan apwòch ekri lèt la. Men, li pito rele lèt yo Biyè. Konsa, nan ane 2023, li te ekri Tibiyè Pou Granpapa Desalin. Jounen jodi a, nou gen okazyon prezante nou Jakopyevèt: Ife ak Soul pou lavi. Se yon jalon anplis, nou ap poze pou nou anrichi kategori literè ki rele Lèt la. Sa ki enteresan nan travay ki fèt nan kategori literè sila a, sèke,…mehr
Lèt Ife ak Soul, Michel-Ange Hyppolite -Kaptenn Koukouwouj- (2006), Tanlapli, Frantz Benjamin (2006), Langay Lanmou, Henri-Robert Durandisse (2007), 126 Lèt Damou, Jocelyne Trouillot (2011), tout se liv ki nan kategori lèt. Genyen tou Deny Dorvil, ki anbake nan apwòch ekri lèt la. Men, li pito rele lèt yo Biyè. Konsa, nan ane 2023, li te ekri Tibiyè Pou Granpapa Desalin. Jounen jodi a, nou gen okazyon prezante nou Jakopyevèt: Ife ak Soul pou lavi. Se yon jalon anplis, nou ap poze pou nou anrichi kategori literè ki rele Lèt la. Sa ki enteresan nan travay ki fèt nan kategori literè sila a, sèke, jouk jounen jodi a, ekriven yo pa senpman pale sou lanmou oswa pwoblèm sosyal. Lèt sa yo se toujou yon pretèks pou otè sa yo pran an konsiderasyon yon kòz inivèsèl kòm ankraj pou yo abòde kèk pwoblèm ekzistansyèl.
Ife ak Soul se pòtrè de moun ki renmen - Youn pa ka viv san lòt. Lektè yo souvan rankontre Ife ki se jènjan bwodè-bwòdè. Pa gen dout sou sa! Men, yo pa janm mande kote Soul? Poutan, Soul bèl e byen ekziste. Se yon fanm total kapital. Yon chelèn dènyè jenerasyon. Nou ta ka di nan langaj enfòmatik se yon modèl 2.0 byen aktyalize. Lasirèn dyaman pa ka rive nan pye fanm sa a. Li kanpe sou kote Kaptenn lan pandan plis pase senkann senk lane. Li patisipe nan lavi entèlektyèl otè a san mank. Se pou sa, antanke editè, mwen te mande Soul pou li aksepte patisipe nan pwojè sa a ak nou. Malgre li se yon moun ki okipe anpil nan aktivite familyal, antreprenaryal ak kominotè, Marlène Chouloute-Hyppolite reponn wi. Kidonk, liv sa a se ekspresyon lanmou, gratitid ak pasyans nan mitan de moun ki renmen jouk tan je yo fè sik. Marlène genyen yon ekriti womantik ki ka rivalize ak nenpòt powèt fanm nan jenerasyon li a. Li reflechi vit e li genyen yon sansibilite natirèl ki fè de li yon otè espesyal. Lè sansibilite sa a jwenn ak kalte kout plim Michel-Ange Hyppolite, literati kreyòl la fè fèt. Se yon avantaj bab e moustach pou nou jwenn de moun ki ansanm tout bon vre ki dakò ekri yon liv ansanm.
Es gelten unsere Allgemeinen Geschäftsbedingungen: www.buecher.de/agb
Impressum
www.buecher.de ist ein Internetauftritt der buecher.de internetstores GmbH
Geschäftsführung: Monica Sawhney | Roland Kölbl | Günter Hilger
Sitz der Gesellschaft: Batheyer Straße 115 - 117, 58099 Hagen
Postanschrift: Bürgermeister-Wegele-Str. 12, 86167 Augsburg
Amtsgericht Hagen HRB 13257
Steuernummer: 321/5800/1497
USt-IdNr: DE450055826