12,99 €
inkl. MwSt.
Versandkostenfrei*
Versandfertig in 1-2 Wochen
payback
6 °P sammeln
  • Broschiertes Buch

Lavi avèk lanmò se de fas yon menm meday. Yo mache kòtakòt. Depandan zèv nou sou latè, prensip relijon kretyen yo kapab voye nou nan lanfè, nan pigatwa oswa nan paradi. Konsa, se zèv Ife ak soul pandan pasaj yo sou tè a, planèt ble a, ki te mennen yo nan paradi. Prensipal zèv yo se ede moun. [...] Nou pa kapab sispann ede lèzòt bati katedral rèv yo ... Kèlkeswa otè yo deside monte pou yo pase akwarèl espwa yo ... Se responsablite nou pou kanpe avèk yo ... Chak chedèv yo reyalize se nou tout ansanm, ki ap fè bras nan dlo lavi [...] (Lèt Ife ak Soul,2007, paj 86-87).

Produktbeschreibung

Autorenporträt
Ife ak Soul se pòtrè de moun ki renmen - Youn pa ka viv san lòt. Lektè yo souvan rankontre Ife ki se jènjan bwodè-bwòdè. Pa gen dout sou sa! Men, yo pa janm mande kote Soul? Poutan, Soul bèl e byen ekziste. Se yon fanm total kapital. Yon chelèn dènyè jenerasyon. Nou ta ka di nan langaj enfòmatik se yon modèl 2.0 byen aktyalize. Lasirèn dyaman pa ka rive nan pye fanm sa a. Li kanpe sou kote Kaptenn lan pandan plis pase senkann senk lane. Li patisipe nan lavi entèlektyèl otè a san mank. Se pou sa, antanke editè, mwen te mande Soul pou li aksepte patisipe nan pwojè sa a ak nou. Malgre li se yon moun ki okipe anpil nan aktivite familyal, antreprenaryal ak kominotè, Marlène Chouloute-Hyppolite reponn wi. Kidonk, liv sa a se ekspresyon lanmou, gratitid ak pasyans nan mitan de moun ki renmen jouk tan je yo fè sik. Marlène genyen yon ekriti womantik ki ka rivalize ak nenpòt powèt fanm nan jenerasyon li a. Li reflechi vit e li genyen yon sansibilite natirèl ki fè de li yon otè espesyal. Lè sansibilite sa a jwenn ak kalte kout plim Michel-Ange Hyppolite, literati kreyòl la fè fèt. Se yon avantaj bab e moustach pou nou jwenn de moun ki ansanm tout bon vre ki dakò ekri yon liv ansanm.